Georges Castéra, Claude Pierre, Rodney Saint-Eloi, Lyonel Trouillot

Anthologie de la littérature haïtienne : Un siècle de poésie, 1901-2001

Mémoire d'encrier

Montréal, 2003

Prezantasyon

Pwezi gen yon plas apa nan istwa literè Ayiti. Si yon bon pati nan repètwa teyat ayisyen an bay tèt li yon misyon pedagojik, si anpil woman enterese dekri reyalite a, ekriti pwetik la limenm, depi nan kòmansman diznevyèm syèk la, te anchaje l pale nan non Ayiti. Se pwezi, anvan tout lòt jan literè, ki fòmile rèv yon Ayiti kòm yon nasyon ki ta jwenn pawòl pa l, ekilib pa l, e ki ta rive dirije istwa pa l. Se kòmsi yo te bay pwezi a chay pou li ranplase tout pawòl moun pa ka di aklè, tout pawòl ki manke, soti nan enstriksyon sivik pase nan antwopoloji kiltirèl, rive nan manifès pati politik.

Nou ka remake, pwezi ayisyèn nan antre bonè nan modènite a. Menm kant te gen powèt (genyen toujou jodi a) ki te kontinye al chèche modèl nan pwezi franse disetyèm ak diznevyèm syèk la, depi nan kòmansman ventyèm syèk la pwezi ayisyèn lan te travay lòt fòm, li te devlope lòt tèm, li te dyaloge ak pwezi lòt kontinan. Bann powèt ki ekri nan Revue Indigène nan (1927-1928), se premye avangad literè ventyèm syèk ayisyen an.

Se powèt an premye — anvan lengwis, moun legliz, politisyen, edikatè vin patisipe nan batay pwomosyon lang kreyòl la — ki te fè kreyòl la tounen yon lang literè. Soti nan Oswald Durand ak Massillon Coicou nan fen diznevyèm syèk la, pase pa Georges Sylvain, Emile Roumer, rive nan Félix Morisseau-Leroy ki make yon kafou enpòtan, desann nan pleyad jenn powèt osnon nouvo powèt yo, si pat gen powèt ki sa moun ta li an kreyòl jodi a ? Dezoutwa travay rechèch nan domèn syans sosyal, yon ponyen woman ak lòt fòm resi ...

Sou yon bò, endijenis la ki se ou lide nèf (pou epòk modèn la) ak maksis la limenm ki te mande chanjman radikal sosyete yo, plis enflyans modènis lan ak sireyalis lan sou yon lòt bò, ta pral ankouraje ekspresyon pèsonèl ak endividyalite depi nan premye mwatye ventyèm syèk la. Powèt yo ta pral foure kòlè yo, fantas yo, chwa pèsonèl yo, imajinè pèsonèl yo nan literati a. Se konsa yo te ka di : « Mwen pou, mwen kont ; mwen anvi, mwen se, e gen de pafwa mwen pa konnen ni sa mwen vle ni sa mwen ye, se chèchè m ap chèche ... »

Pwezi te toujou gen yon plas apa nan literati ayisyèn lan. Kòm ki dire se pwezi a, an premye, ki pèmèt pèp ayisyen an di « nou », e se li, an premye, ki pèmèt endividi ayisyen an di « mwenn ».

Antoloji sa a vle pote temwayaj sou enpòtans pwezi a nan istwa literè Ayiti. Li vle bay sitou yon apèsi sou varyete pwezi ayisyèn ventyèm syèk la : divès tematik, divès chwa estetik, divès preyokipasyon pèsonèl pwèt yo ganyen. Sa pwal ede sispann fèmen pwezi ayisyèn la nan yon jan, yon mòd ak yon fòm.

Nou prezante otè yo nan lòd kwonolojik nesans yo. Nan liv sa a, nou derefize tout lòt lòd osnon klasman. Nou pito lektris ak lektè yo fè konesans ak tèks yo san pèsonn pa gen tan mete etikèt sou tèks yo. Ou va li chak powèt pou kò li. E nan nòt ki prezante chak powèt, ou va jwenn enfòmasyon ki va pèmèt ou rekonèt konplisite ak rezon ki fè tèl gwoup powèt mache ansanm, oubyen ki fè tèl powèt an dezakò, osnon pa siye ak tèl lòt powèt.

An wetan Sosyete Koukouy ki pretann ki jan, ki sa, sou kisa pou moun ekri, pa gen okenn « lekòl » literè nan pwezi ayisyèn ventyèm syèk la ki gen pretansyon sa a. Powèt ki te nan Revue Indigène lan yo (1927-1928) te mete yo dakò pou derefize kontinye yon tradisyon literè ki pa favorize tèm ak fòm nèf, yon tradisyon ki pa t pèmèt reyini tout eleman esperyans ayisyen an ak modènite powetik la. Negritid la (1940-1960) se yon tematik ki te louvri non sèlman pou powèt ayisyen, men pou tout powèt nwa. Andedan kouran sa a, chak powèt te pral angaje vwa pa l nan sans pa l, swat pou pote solidarite l ak lòt pèp nwa yo, swat pou li chante lwanj istwa ak kilti pèp nwa yo, swat tou pou li asosye tribilasyon pèp nwa yo ak tout tribilasyon ak enjistis ki tonbe sou limanite. Sireyalis la limenm pral ofri lòt teknik pou imaj, metafò ak konparezon. Sa pwal pèmèt brase e rebrase ekriti powetik la. Sireyalis la pral enfliyanse sèten powèt plis pase dòt, men li pa bay yon « lekòl » literè nonplis ann Ayiti. Nan lane swasant yo, Oungenikon ak Haïti littéraire pral plis sèvi kòm klib pou powèt yo diskite, oubyen yo pwal sèvi kòm tit koleksyon pou kèk jenn powèt ki te gen plizoumwen menm laj te pibliye zèv yo. Poudayè, powèt ki te nan gwoup sa yo laplipaditan pa te travay nan menm direksyon.

Nan antoloji sa a, nou derefize separe powèt yo ant sa k ekri an franse, ak sa k ekri an kreyòl. Kòmanse pa Emile Roumer, pase par Felix Morisseau-Leroy, Paul Laraque ak pakèt lòt powèt, anpil powèt ayisyen ventyèm syèk la se powèt ki ekri nan de lang. Non sèlman gen anpil powèt ki ekri nan tou de lang yo, men mete sou sa, pa gen yon baryè ki separe tèks ki ekri nan de lang yo, daprè tèm pa egzanp. Jodi a, tou de lang yo sèvi mwayen natirèl pou ekspresyon powetik la. Nan tèks kote nou prezante chak otè, nou bay enfòmasyon pou pèmèt lektris ak lektè yo swiv istwa pwezi kreyòl la.

Si nou pa fè tou yon klasman daprè tèm, daprè lang, nou pa fè nonplis klasman daprè sèks otè yo. Sètadi nou pa fè yon kwen apa pou powèt fi yo epi yon lòt pou powèt gason yo. Premyèman, se pase nou pa vle fè yon divizyon fòse pou nou foure de powèt, ki yo chak, gen vwa pa yo kòmkwa pase yo se fi. Dezyèmman, pase nou pa vle tou retire powèt fi yo nan evolisyon jeneral pwezi ventyèm syèk la.

Nan antoloji sa a, nou seye pa mete pèsonn nan yon geto, nou kite lektris ak lektè yo pwonmennen nan tèks yo san mach a swiv, san gid, san prejije.

Se vre, tout otè pa gen menm enpòtans. Nou chwazi otè yo swa selon plas yo genyen deja nan istwa literè peyi a, swatou pase gen otè enpòtan istwa literè ofisyèl la pa t okipe. Nou chwazi tou otè yo pou varyete tematik èv yo prezante, osnon pou sa ki fè yon èv orijinal. Lideyal, se pou lektris ak lektè yo ta kapab li tout powèt, men yon antoloji pa sa fè sa. Se sèten, gen otè sèten moun ka panse ki te dwe la a e ki pa la. Sèl repons nou ka ba yo, se di yo yon sèlgrenn antoloji pa janm sifi, erezman gen lòt antoloji ki egziste e gen lòt ki pou fèt pi devan. E, nan sa ki konsène antoloji sa a, nou seye pa travay daprè gou pa nou (se sèten, nou pa reyisi a 100 pou 100) men kilès moun ki kapab reyalize pèfòmans sa a ? Kanta pou chwa tèks yo, nou seye prezante tèks ki pèmèt wè diferan aspè nan èv yon powèt, sitou pou powèt ki gen on èv ki anpil, ni tou pou powèt ki gen plizyè moman nan èv yo sou kesyon tèm ak fòm e selon rekèy la osnon oryantasyon powèt la te pran a tèl ou tèl moman.

Yon fwa ankò, lide a se kite lektris ak lektè yo li. Se ba yo chans pou yo dekouvri pwezi ayisyen ventyèm sièk la. Yon pwezi ki younn e ki pa younn, pase tout jwa, tout doulè, tout lespwa, desepsyon, lit ak dram Ayiti andedan l. E chak powèt viv kesyon sa yo nan pwezi a yon jan ki jan pa l. Pwezi ayizyèn ventyèm sièk la reprezante pi gwo temwayaj literè yo ka bay sou Ayiti. Men li plis pase sa, paske pwezi se fòm pèmanan ekspresyon kolektif ak endividyèl la pran ann Ayiti. Se pwezi ki pèmèt moun di « nou », se li ki pèmèt moun di « mwen ».

[retour à la présentation en français]